I apologize in advance but this entry is going to be in Kreyol.
Si se pat pou fanmi'm, mwen pa konnen kote m tap ye. Se Bondye ki mete yo la pou mwen. M sonje mwen antre lopital pou m opere e soti minm jou a. Bagay yo pat pase konsa, mwen fe 6 jou lopital. Malgre tout moun te gin travay, yo aranje yo yon fason pou mwen pat janm sel pandan m te lopital e lem tounen lakay. Sa se jous yon nan bagay yo fe pou mwen. Se zanj Bondye mete sou rout mwen yo ye. Pou sa, map di yo yon gwo mesi!
Gin de moun tou ki fanmi'w min ou pa gin lien de parente ak yo pou jan yo viv ave'w. Gin yon bagay ki di se le'w nan chimen jennen ou konnen kiyes ki zanmi'w. Mwen ka di m konnen ki moun yo ye. Mesi fanmi an wen yo!
Mesi pou fanmiy!
ReplyDelete